Sa fè lonta depi yo separe nou
Depi lè nou te kite tè lafrik O
Lè kolon pran nou mare nou tankou bèt
Pou yo te fè nou kwè ke nou pa sanble
Pou yo te fè nou kwè ke nou san valè
Se pa vre lan Ginen nèg te trayi nèg
Se pawol pou yo fè nou ret divize
Pou pa janm gen renmen
Pou pa gen linyon
Sa fè lontan depi yo separe nou
Divize nou pou yo ka toujou renye
Jodi ya nou konprann e nou jire
Jodi ya nou konprann e nou jire
Si nou la sè ke nou sanble
Si nou sanble sè ke n ka renmen
Lan renmen na va jwen linyon
Linyon va di yo sa nou ye sou la tè
Linyon va di yo sa nou ye
John Steve Brunasch dixit:
" Moun yo valè yo bote yo la siyans zèv atistik yo eritay kiltirèl yo lan sivilizasyon yo se sa ki yon nasyon,
Moun yo ti moun yo gran moun yo Lanmou ki makonen la vi lan sosyete sekirite ak la jistis lan respè dwa la vi tout moun yo se sa ki fè yon nasyon "
Tout gason tout fanm peyi Dayiti
Fok nou kanpe kale je nou gade solèy
Tout gran moun ak jenn moun lan peyi ya
Fok nou kanpe poun reklame tout dwa nou
Jire pou nou toujou kale je nou lan je tout moun
Jire pou nou toujou renmen poun toujou gen linyon
Jodi ya nou konprann e nou jire(bis)
Si nou la sè ke nou sanble
Si nou sanble sè ke n ka renmen
Lan renmen na va jwenn linyon
Linyon va di yo sa nou ye sou la tè
Iye iye iye ♪♪♪
John Steve Brunasch,Copyright (c) 2009
Icono-klas
Thursday, October 8, 2009
Subscribe to:
Post Comments (Atom)
No comments:
Post a Comment