Yon gwoup atis yon gwoup sanmba leve yon maten yon pran lari
Tonbe chante tonbe pale jouwe tanbou pou sa chanje
pou lanmou pa mouri pou nou sove yon nasyon
Pou lanmou pa mouri sove nasyon an
Yo tap pale yon bèl pawòl ke tout ti moun yo te renmen
Pawòl sila te vle sanble miray Jeriko ki tonbe♫ woy yoy
Sanba yo rele sanmba yo tonbe lan lari lan prizon
Yo mouri lan raje
Sanmba yo rele rele rele la hey ♫hey hey hey
Yon gwoup zanfan ki fè yon rèv an de mil kat te pran la ri
Yon rèv renmen yon rèv la pè kote nou tout pitit solèy
Te vin sove lanmou pou lanmou pa mouri
Poun sove yon nasyon
Yo tap chante yon chant daki ke tout nasyon wan te renmen
Chante sila te vle sanble ak la konsyans-revolisyon woy wo yo ♫
Sanmba yo rele sanmba yo tonbe lan lari lan prizon
Yo mouri lan raje
Sanmba yo rele rele rele la hey ♫ hey hey hey
An de mil kat (wo yoy) sanmba yo pran la ri
Pou yo sove yon nasyon
Chanje mantalite yo
Lan de mil kat ♫wo yoy♪♪
Sanmba yo pran la ri
Pou yo sove yon nasyon
Chanje mantalite yo
Chèche chimen la vi chemen lanmou chimen limyè (hit)...
Pawòl ak mizik
John Steve Brunasch
Copyright(C) 2009 Icono-klas
Wednesday, September 30, 2009
Subscribe to:
Post Comments (Atom)
No comments:
Post a Comment